fintech, 2025
HtiPay Amelyorasyon Eksperyans Peman Dijital
Yon pwojè analiz ak amelyorasyon UX/UI pou rann eksperyans peman dijital la pi senp, pi klè epi pi adapte ak bezwen itilizatè ayisyen yo.
- Wòl
- UX/UI Design ak analiz eksperyans itilizatè
- Teknoloji
- HTMLCSS

Sa m te fè
Mwen te travay sou yon odit UX/UI pou idantifye pwoblèm nan eksperyans itilizatè a epi reflechi sou fason pou amelyore koòdone a. Mwen te mete aksan sou yon apwòch mobile-first, paske anpil itilizatè ann Ayiti itilize telefòn kòm prensipal mwayen pou jwenn sèvis dijital. Mwen te pwopoze tou pou MonCash ak NatCash parèt kòm metòd peman prensipal nan eksperyans checkout la, pou rann peman yo pi fasil pou itilizatè lokal yo.
Kote li ye kounye a
Travay la te konsantre sou analiz eksperyans ki egziste a ak refleksyon sou amelyorasyon UX/UI yo. Pwopozisyon refòm nan te sèvi kòm baz pou reflechi sou yon eksperyans ki pi adapte ak itilizatè ayisyen yo.